Mardi 18 juillet 2006 - 23:33

  Accueil  |   Download  |   Articles  |   Livre d'or  |   Liens  
 
 

iciPETISYON POU RETOU PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE
Le mercredi 10 Mars 2010
175 Internautes ont signé l'appel PETISYON POU RETOU PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE


Administration


SELIL NASYONAL REFLEKSYON OGANIZASYON POPILE
BAZ FANMI LAVALAS

PETISYON

PETISYON POU RETOU
PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE
IMEDYATMAN NAN PEYI DAYITI
Frè m, Sè m, Ayisyen, Ayisyèn, moman-an rive pou nou fè lapè nan Peyi-a, paske Ayiti se Manman Libète.
Petisyon Pèp Ayisyen-an siyen pou anonse Lemonn antye lè-a rive pou Reprezantan Nasyonal Fanmi Lavalas-la, kise Jean Bertrand Aristide, Titide nou-an, retounen nan Peyi-l imedyatman, pou-l vin konsakre-l a edikasyon nan Peyi Dayiti kote se 67% timoun ki ale lekòl, e 85% moun analfabèt.
Nan non tout Zansèt yo, n-ap kontinye kanpe rèd, anba drapo diyite Peyi nou-an, n-ap kanpe tèt drèt anba drapo fyète-n nan, n-ap kanpe djanm devan tout fòs fè nwa, tout fòs antichanjman, tout fòs antidemokratik, nasyonal kou entènasyonal, pou fè respekte dwa souverènte Peyi Dayiti.
- Lè yon manm Fanmi Lavalas gen lafyèv, tout kò Fanmi-an cho, alevwa lè manm Fanmi an sibi tout kalte move zak vyolans tankou: kidnapinn, depòtasyon, prizon, tòti, ekzil, disparisyon, revokasyon abitrè, pèsekisyon politik, elatrye…, lè sa-a, se je tout Fanmi-an kap koule dlo, lajounen kou lannwit.
- Kòd lonbrit Fanmi Lavalas marye ak Manman Lwa Peyi Dayiti, ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun (ONU), ak Chat Démokratik Entèamerikèn OEA.
1- Asanble Jeneral Nasyon Zini pwoklame Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, plizyè Peyi adopte l pou pèmèt tout pèp sou la tè beni viv tankou moun. Ayiti, youn nan peyi ki adopte deklarasyon sila gen pitit li ki se prezidan Jean Bertrand Aristide kap sibi yon vyolasyon dwa-li prensip Nasyon Zini bali.
2- Atik premye rive nan Atik 30 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan, espesyalman atik 9 la di: Yo pa dwe ni arete, ni ekzile yon moun ak gwo ponyèt.
3- Atik 7 Chat Demokratik Entèamerikèn (OEA) pale sou demokrasi ak dwa moun
4- Konstitisyon Repiblik Dayiti nan paragraph 10 pale sou dwa pou gen sekirite
a) Atik 41 konstitisyon 29 mas 87 la di: yo pa gen dwa ekzile okenn sitwayen ayisyen, ni yo pa gen dwa fòse okenn sitwayen kite peyi l pou okenn kòz, ni yo pa gen dwa fè yon ayisyen pa ayisyen ankò, yo pa gen dwa wete dwa yon sitwayen pou nenpòt ki kòz politik.
b) Atik 41-1 an di: okenn ayisyen pa bezwen viza ni pou sòti nan peyi a, ni pou tounen lakay-li.
Dwa Konstitisyon 29 mas 87 la bay sitwayen ayisyen sou leta:
1) Sitwayen yo gen dwa pou rele Leta nan lajistis, osinon devan otorite ki konpetan lè Leta fè yo abi.
2) Sitwayen yo ka goumen jouk sa kaba yon fason pasifik pou fè respekte dwa yo genyen ki pèmèt yo viv tankou moun.
Depi nan fondasyon-li, nan Atik 1 Manman lwa li, Fanmi lavalas pran angajman pou li respekte Konstitisyon Peyi a ansanm ak prensip fondamantal: Libète, Egalite, Tèt Ansanm ak Solidarite.
- Tout Peyi pran angajman pou respekte Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun (ONU), ansanm ak tout prensip fondamantal: Libète, Egalite, Tèt Ansanm ak Solidarite.
- Tout Peyi manm OEA pran angajman pou respekte epi fè respekte Chat Demokratik Entèamerikèn-lan.
- Kontitisyon Peyi Dayiti ki fèt 29 Mas 1987 la, ekzije pouvwa ekzekitif-la ak pouvwa lejislatif-la pran angajman pou respekte epi fè respekte konstitisyon-an.
Kidonk, pou nou menm pèp ayisyen, manm ONU ak OEA, prensip sa yo ban nou pwovizyon legal pou nou mennen yon batay pasifik pou nou ekzige pouvwa ekzekitif la, pouvwa lejislatif la, ak pouvwa jidisyè-a, tout peyi ki se manm Nasyon Zini , OEA, pou respekte dwa ak revandikasyon mas pèp ayisyen an. Revandikasyon sila, kise se retou Presidan TiTid imedyatman, li jis epi li klè.
Selil Nasyonal la nan lide pou fòse Leta ayisyen ak tout peyi manm OEA, ONU respekte dwa ak revandikasyon mas pèp ayisyen-an, pa deside pran ni konje, ni rekreyasyon, ni vakans, nan batay sila, menm jan ak zansèt nou yo, nan gwo batay yo te mennen pou libète-a.
Yon lavalas se yon patriyòt,
Yon bon lavalasyen, se yon bon patriyòt.
Lavalas se “Linyon fè la fòs”

Yon sèl nou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm ansanm, nou se lavalas

Siyati ki swiv-yo

(C)rayonpolar.com L.A