|
MANMAN LWA
OGANIZASYON FANMI LAVALAS
Yon lavalasyen se yon patriyòt.
Yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.
Lavalas se linyon fè lafòs.
Jean Bertrand Aristide
MANMAN LWA OGANIZASYON FANMI LAVALAS
Chapit 1
OGANIZASYON
Atik 1
Daprè règleman sa yo nou pwal
site la a, gen yon Oganizasyon ki fòme. Oganizasyon sa pran angajman
pou respekte konstitisyon Peyi a, ansanm ak prensip fondamantal
libète, egalite, tèt ansanm ak solidarite.
Atik 2
Oganizasyon sa a rele Fanmi
Lavalas. Direksyon Oganizasyon sa a chita nan Pòtoprens men li kapab
nenpòt lòt kote nan eyi a si sa ta nesesè.
Atik 3
Senbòl Fanmi Lavalas la se yon tab ki make “Lavalas”.
Gen senk (5) moun ki chita bò tab sa a.
Atik 4
Koulè Oganizasyon an se ble ak wouj.
Atik 5
Oganizasyon sa a travay pou li:
a)
pèmèt tout Ayisyen fè pwogrè nan keksyon politik, ekonomi,
sosyete ak lakilti nan yon Leta ki chita sou lalwa;
b)
fè tout Ayisyen rive gen menm chans;
c)
fè yo devlope nan diyite ak respè dwa yo;
d)
tabli yon politik ki ap bon pou tout sosyete a ;
e)
ede manm li yo pase nan eleksyon pou kèlkeswa pòs la;
f)
Kore pwogram manm Oganizasyon an te bati a, fè yo konnen li
tout kote epi fè yo suiv li.
Chapit 2
MANM OGANIZASYON AN
Atik 6
Moun ki ka manm Oganizasyon an se:
-
tout Ayisyen ki deja gen 18 an epi ki ap defann lajistis,
lapè, libète, demokrasi ak dwa moun;
-
tout moun ki vle lite pou pi pòv yo avanse nan sosyete a epi
kwè nan eksperians 16 desanm 1990 la;
-
tout pitit peyi a, gason kou fanm, jenn moun tankou granmoun,
rich kou pòv ki ap goumen pou gen nan Peyi a yon Leta ki chita sou
lalwa;
-
tout Ayisyen ki ap viv nan dizyèm depatman an epi ki deside
mete ansanm avèk nou pou n kontinye travay pou delivrans ak
devlòpman Ayiti cheri nou an.
Atik 7
Se prensip Oganizasyon an ki ap di kijan pou yon moun vini manm li.
Atik 8
Manm Oganizasyon Fanmi Lavalas yo kapab nan lòt gwoup, lòt
Oganizasyon oubyen lòt asosyasyon, men yo paka nan lòt pati politik.
Chapit 3
TI FANMI YO
Atik 9
Manm
Oganizasyon an mete tèt yo ansanm pou yo fòme Ti Fanmi nan Peyi a
tankou nan dizièm depatman. Yo aksepte suiv tout prensip ak règleman
Oganizasyon an.
Atik 10
Kowòdinasyon nasyonal la asepte epi rekonèt tout manm Oganizasyon an
ki fòme Ti Fanmi..
Atik 11
Chak Ti Fanmi gen yon dizèn
manm. Nou kapab jwenn pliziè Ti Fanmi nan yon seksyon kominal, yon
komin oswa yon depatman.
Atik 12
Yon manm Oganizasyon an pa gen
dwa nan pliziè Ti Fanmi.
Chapit 4
ESTRIKTI OGANIZASYON AN
Atik 13
Gwoup ki dwe fè travay la se:
a)
Kowòdinasyon seksyon kominal yo;
b)
Kowòdinasyon kominal yo;
c)
Kowòdinasyon depatmantal;
d)
Kowòdinasyon nasyonal;
e)
Komite ekzekitif.
Atik 14
Yon delege se reprezantan yonn ou pliziè Ti Fanmi. Yo kapab chwazi
li pou li manm yon kowòdinasyon seksyon kominal, komin, depatman
oubyen Kowòdinasyon nasyonal la.
Atik 15
Gen twa (3) delege nan Kowodinasyon seksyon kominal la: de (2) ki
pase nan eleksyon epi yonn Kowodinasyon nasyonal la chwazi.
Atik 16
Gen twa (3) delege nan Kowòdinasyon kominal: de (2) ki pase nan
eleksyion epi yonn Kowòdinasyon nasyonal la chwazi. Gwoup delege ki
la pou ede yo a, fome ak kowodinasyon tout seksyon kominal yo.
Atik 17
Gen twa (3) delege nan Kowòdinasyon depatmantal la: de (2) ki pase
nan eleksyon epi yonn Kowòdinasyon nasyonal la chwazi. Gwoup delege
ki la pou ede yo a, fome ak Kowòdinasyon kominal depatman an.
Atik 18
Le gen pliziè Kowòdinasyon
nan yon komin, Kowòdinasyon depatmantal la dwe chwazi yon lè pou
reyini tanzantan pou yo pale sou zafè tout komin nan.
Atik 19
Nou jwenn nan Kowòdinasyon
nasyonal la:
a)
Reprezantan nasyonal la;
b)
Nef (9) delege, yo chak reprezante
yon Kowòdinasyon depatmantal. Kowòdinasyon
depatmantal la dwe bay reprezantan li a yon manda pou (6) mwa. Li
kapab vini avek yonn oubyen de (2) delege Kowòdinasyon depatmantal
nan reyinyon Kowòdinasyon nasyonal yo;
c)
Konseye espesyal Reprezantan nasyonal la.
Si Reprezantan nasyonal la
vle, chak manm sa yo kapab jwe wòl potpawòl Oganizasyon an bò kote
pa yo. Manm Fanmi Lavalas yo chwazi nan eleksyon kom palmentè,
majistra oubyen pou nenpòt lòt pos nan Leta, kapab vini manm
Kowòdinasyon seksyon kominal, kominal, depatmantal oubyen nasyonal
la.
Atik 20
Kowòdinasyon nasyonal la se
prensipal otorite pou oganize kongrè. Yo reyini 2 fwa nan ane a pou
piti osnon chak fwa Reprezantan nasyonal la deside li.
Atik 21
Nan Komite eksekitif la gen:
a)
Reprezantan nasyonal la;
b)
Nef (9) delege, chak reprezante yon Kowòdinasyon depatmantal.
Kowòdinasyon depatmantal la dwe bay reprezantan li a yon manda pou
(6) mwa. Li kapab vini avek yonn (1) oubyen de (2) delege
Kowòdinasyon depatmantal nan reyinyon Komite eksekitif yo;
c)
Yon administratè;
d)
Yon trezorye;
e)
Yon sekretè;
f)
Pliziè konseye espesyal Reprezantan nasyonal la oubyen
espesyalis nan zafè politik, ekonomik, oubyen sosyal.
Atik 22
Komite eksekitif la
gen pouvwa chwazi manm oubyen lòt moun pou travay sou divès kalite
dosye. Moun sa yo ap fome komisyon pou yo rive fè travay la pi byen.
Chapit 5
RESPONSABILITE
Atik 23
Dapre travay li, chak
Kowòdinasyon dwe:
a)
Miltipliye epi mobilize Ti Fanmi ki nan zòn pa li;
b)
Bay lis delege tout Ti Fanmi ki nan zon pa li, chak ane;
c)
Ankourage lapè nan mitan Ti Fanmi yo;
d)
Travay pou Ti Fanmi yo pwogrese nan devlope riches yo genyen
kom moun e pwogrese tou nan aktivite ekonomik yo;
e)
Fè Oganizasyon an mache byen;
f)
Jwe wòl potpawòl ant manm li yo ak lòt branch nan Oganizasyon
an;
g)
Enfòme manm li yo, patisipe nan fòmasyon yo;
h)
Kapab fòme gwoup travay epi ba yo manda ki respekte règleman
entèn yo.
Atik 24
Chak ane, swasant (60) jou anvan 16 Desanm, chak gwoup Kowòdinasyon
dwe bay Asanble delege ki ap ede li yon rapò ekri sou travay li.
Atik 25
Chak ane, trant (30) jou anvan 16 Desanm, chak gwoup Kowòdinasyon
dwe bay Kowòdinasyon nasyonal Fanmi Lavalas yon rapò ekri sou tout
aktivite li reyalize. Reprezantan nasyonal la kapab mande rapò sa a
nenpòt ki moman.
Atik 26
Dapre travay li, Komite
ekzektif Fanmi Lavalas dwe:
a)
Fè Oganizasyon an mache byen;
b)
Fòme tout komite ak komisyon ki nesesè pou fè travay
Oganizasyon an mache byen;
c)
Gen yon pouvwa jeneral ki pèmèt li kontwole epi fè respekte
règleman Oganizasyon an. Nan menm lde sa a, li kapab fè ankèt epi
selon rezilta yo, kanpe travay manm yo oubyen revoke yo. Li kapab fè
yon Ti Fanmi, yon Kowòdinasyon mache sou zòd komite ekzekitif la,
jan manman lwa Oganizasyon an mande li a;
d)
Reyini tout sa ki nesesè pou ekri yon oryantasyon jeneral pou
Oganizasyon an;
e)
Eksekite depi se plan ak pwogram ki sòti nan Kowòdinasyon
nasyonal ak nan kongrè a.
Atik 27
Komite ekzekitif la reyini
yon (1) fwa chak uit (8) semèn oubyen chak lè Reprezantan nasyonal
la mande li.
Atik 28
Daprè travay li,
Kowòdinasyon nasyonal la dwe:
a)
Fè Oganizasyon an mache jan kongrè a te deside li a;
b)
Bay akò li sou bidjè Oganizasyon an Komite Ekzekitif la pote
ba li;
c)
Bay akò li sou rapò ki prezante reset ak depans epi tout byen
Oganizasyon an genyen;
d)
Resevwa rapò Komite ekzekitif la epi chanje kèk lide si li
nesesè depi sa pap vyole dwa lòt moun;
e)
Pote presizyon sou jan Oganizasyon an dwe mache pandan l ap
suiv tout sa Kongrè a mande;
f)
Ekzekite tout manda Kongrè a ba li epi bay rapò sou tout
aktivite;
g)
Fikse ki kantite Kowòdinasyon kominal ki nesesè pou fè
Oganizasyon an mache byen.
Atik 29
Se Reprezantan nasyonal la ki
gen pouvwa pou l dirije Oganizasyon Fanmi Lavalas epi ki dwe veye
pou tout bagay mache byen. Li responsab tout aktivite Oganizasyon
an. Li la pou li defann dwa Oganizasyon an tout kote, fè yo konnen
enpòtans travay Oganizasyon ap fè a epi li fè tout lòt travay manman
lwa a mande. Pou kounyè a, se Prezidan
Jean-Bertrand Aristide yo vote kòm Reprezantan nasyonal.
Atik 30
Reprezantan nasyonal
Oganizasyon an kapab chache moun pou ba li konsèy pou travay la fèt
pi byen. Li va chwazi tou, yonn oubyen pliziè
pòtpawòl pou Oganizasyon an, si li jije sa nesesè.
Atik 31
Reprezantan nasyonal Oganizasyon an responsab tout manm Oganizasyon
an ki pase nan eleksyon. Li fè yo reyini chak fwa li nesesè; se li
menm ki dirije rankont sa yo.
Atik 32
Depi
Reprezantan nasyonal la mouri oubyen li kite pòs la, plas la lib.
Lè sa a, Komite ekzekitif la antann li avèk
Kowòdinasyon nasyonal la pou li ranplse li anvan si (6) mwa.
Pandan tan sa a, se Komite ekzekitif la ki kenbe
plas la.
Atik 33
Kongrè a se tèt Oganizasyon an. Li fòme Asanble jeneral la kote tout
manm yo kapab patisipe yo menm oubyen bay lòt moun reprezante yo.
Atik 34
Fòk
gen yon (1) kongrè pou pi piti chak de (2) zan. Se Kowòdinasyon
nasyonal Oganizasyon an ki la pou li chwazi ki jou ak ki kote kongrè
sa yo ap fèt. Li kapab tou mande pou gen yon gwo reyinyon jeneral
manm yo.
Atik 35
Sekretè Oganizasyon an ap fè Kowòdinasyon yo konnen ki dat, ki kote
ak konbyen tan reyinyon an ap dire. Li ap fè yo jwenn tout
enfòmasyon sa yo katrevendis (90) jou anvan dat ouvèti kongrè a.
Atik 36
Lè
gen yon reyinyon jeneral espesyal, yo kapab kontakte Kowòdinasyon yo
sèt (7) jou anvan dat la. Nan reyinyon sa a, yo pale sèlman soun
keksyon ki te nan pwogram jounen an depi anvan.
Atik 37
Men ki manm pou yo envite
nan yon Kongrè :
a)
Manm Kowòdinasyon nasyonal;
b)
Manm Kowòdinasyon depatmantal, Kowòdinasyon kominal ak
Kowòdinasyon seksyon kominal;
c)
Responsab ak sekretè komisyon pèmanan;
d)
Envite espesyal Reprezantan nasyonal la;
Se sèl moun ki pa gen
pwoblèm ak Oganizasyon an, ki gen dwa vote.
Atik 38
Kongrè a la pou li:
a)
Adopte pwogam ak dokiman ofisyèl Oganizasyon an;
b)
Adopte tout refòm nan manman lwa ak dokiman ofisyèl
Oganizasyon an;
c)
Adopte rapò sou fonksyonman ak keksyon lajan Oganizasyon an;
d)
Chwazi yon oryantasyon jeneral pou Oganizasyon an;
e)
Fè eleksyon Reprezantan nasyonal la.
Chapit 6
KOMISYON PEMANAN
Atik 39
Komisyon pèmanan yo la pou
yo ekzekite manda komite ekzekitif Oganizasyon an ba yo.
Chak ane, chak Komisyon
dwe bay Komite ekzekitif Oganizasyon an yon plan travay ak yon rapò
sou aktivite l.
Yon Komisyon kapab gen
règleman entèn pa li, men fò Komite ekzekitif Oganizasyon an apwouve
yo anvan.
Atik 40
Nan yon komisyon
pèmanan, nou jwenn:
a)
Yon rekonsab
b)
Yon sekretè ak
c)
Tout moun ki kapab ede li egzekite manda a.
Atik 41
Chak ane Reprezantan
nasyonal la chwazi yon responsab ak yon sekretè pou chak komisyon
pèmanan.
Atik 42
Komisyon animasyion ak
Oganizasyon yo la pou òganize aktivite. Li kontwole fòmasyon manm
Oganizasyon an epi li sipèvize travay yo tou.
Atik 43
Komisyon Finans lan la pou
li regle kesyon finans Oganizasyon an. Li responsab jwenn lajan pou
ede Oganizasyon an mache. Komisyon an ede yo prepare bidjè
Oganizasyon an tou.
Atik 44
Komisyon Enfòmasyon an dwe
travay pou fè enfòmasyon yo sikile nan tout branch Oganizasyon an
epi fè konnen objektif pwogram Oganizasyon an. Se li ki responsab
biwo laprès Oganizasyon an.
Atik 45
Komisyon Jenès la gen pou li
fè jèn yo patisipe nan aksyon politik Oganizasyon an. Jèn yo se fòs
Oganizasyon Fanmi Lavalas la.
Atik 46
Komisyon Jiridik la pou li
ekri règ pou ede Oganizasyon an mache byen, epi pou li bay
enfòmasyon sou tout kesyon jiridik tankou règleman ak lwa
Oganizasyon an.
Atik 47
Komisyon Politik la gen
misyon pou li bay Oganizasyon an direksyon epi pou li ede manm yo
mete yon pwogram politik sou pye.
Atik 48
Komisyon Ti Fanmi an la pou
li ede Ti Fanmi yo vini pi plis, li la pou li mobilize yo epi pou li
kontwole lis tout delege ak Ti Fanmi yo; li dwe travay tou pou yo
vanse pi lwen tankou nan politik ak ekonomi.
Chapit 7
FASON POU YO CHWAZI KANDIDA YO
Atik 49
Anvan eleksyon yo, Reprezantan
nasyonal la ap oganize kèk rankont avèk Kowòdinasyon yo pou yo
chwazi kandida yo. Si gen ijans oubyen pou yon rezon enpòtan,
Reprezantan nasyonal la kapab oblije chwazi yon kandida li menm.
Atik 50
Sou
chak twa (3) kandida Oganizasyon Fanmi Lavalas nou dwe jwenn yon fi.
Atik 51
Fok kandida yo suiv
tout sa konstitisyon an mande.
Atik 52
Yon kandida se yon sitwayen
ki:
a)
Ap defann lajistis, lapè ak dwa moun;
b)
Vle travay pou pòv yo chita bò tab devlòpman an;
c)
Kwè nan esperyans 16 desanm 1990 la;
d)
Konbat diskriminasyon sosyal;
e)
Ap travay tout bon pou fè yo konnen Fanmi Lavalas la epi pou
fè Oganizasyon an vanse;
f)
Montre li bò kote Reprezantan nasyonal la ki li menm fè l
konfyans;
g)
Respekte desizyon yo pran nan Oganizasyon an.
Atik 53
Fòk kandida a montre:
a)
Li se yon bon lidè nan Oganizasyon an ak nan zòn kote li ap
prezante a;
b)
Li se yon moun dwat;
c)
Li kapab fè travay la;
d)
Li kapab patisipe nan brase lide epi travay ansanm ak lòt
moun.
Atik 54
h)
Kandida a dwe patisipe nan kesyon lajan pou kanpay electoral
li.
Atik 55
Yon manm Kowòdinasyon an
ki vle vini kandida nan eleksyon yo dwe kite travay li ap fè nan
Fanmi Lavalas la si (6) mwa anvan jou eleksyon yo.
Chapit
8
REFOM NAN MANMAN LWA YO
Atik 56
Sekretè Oganizasyon an dwe jwenn yon pwojè
refòm nan manman lwa a, karant (40) jou anvan jou ouvèti kongrè a.
Sekretè a pote pwojè a devan Komite ekzekitif Oganizasyon an ki ap
deside si yo ap kenbe l.
Atik 57
Ven (20) jou anvan
yo louvri kongrè a, Sekretè a fè tout delege yo jwenn tèks tout
pwojè refòm Komite ekzekitif Oganizasyon an te asepte kenbe yo.
Atik 58
Se sèlman lè de (2)
delege nan Asanble a sou twa (3) vote pou yon chanjman nan manman
lwa a, nou di yo kenbe l.
Se sèlman lè Komite
ekzekitif la dakò, yo kapab pote chanjman nan yon pwojè refòm ki
deja prezante devan Kongrè a.
Men, depi
Reprezantan nasyonal la te deja deside yon bagay sou yon pwojè refòm
pandan Kongrè a, yo pa kapab chanje anyen ladan l.
Chapit
9
KEK ENFOMASYON KI AP PEMET NOU SEVI AK DOKIMAN SA A PI BYEN
Atik 59
Pou konte kantite
jou pou yon delè, moun pa gen pou konte premye jou a, men yo ap
konte dènye a.
Atik 60
Lè yon atik pa
presize si se fi oubyen gason ki konsènen, sa vle di ni yonn ni lòt.
Atik 61
Nan kèk ka yonn
kapab vle di pliziè.
Atik 62
Otorite ki gen manda
pou nonmen gen manda tou pou revoke.
Atik 63
Pou evite konfizyon nan non Oganizasyon an,
pèsonn pa gen dwa janm di ou ekri F.L. nan plas Fanmi Lavalas ou
T.F.nan plas Ti Fanmi: Se entèdi. Pwen.
|