RÈGLEMAN FANMI
LAVALAS
Lè youn nan nou
gen lafyèv,
Kò fanmi an cho.
Se pou sa nou
deklare:
-
Konpòtman
yon manm Fanmi an konsène tout Fanmi an.
-
Dyalog
nan respè youn pou lòt, se yon gwo zam pou pwoteje egzistans Fanmi
an
3.
Koreksyon fratrènel ak sanksyon koreksyonèl, se bon medikaman
pou kenbe sante Fanmi an anfòm.
-
Pèsonn pa gen dwa sal repitasyon Fanmi an ou yon manm Fanmi an:
rad sal lave an fanmi.
-
Fanmi an
pa gen dwa sitire pèsonn mache nan move zafè.
-
Yon
kowòdnasyon seksyon kominal, kominal, depatmantal, nasyonal, gen
obligasyon fè koreksyon fratènel e pran sanksyon koreksyonèl chak
fwa li nesesè.
-
Lè
konduit youn nan nou ka avili tout Fanmi an, fok ka a trete san
pèdi tan.
-
Moun kap
sal repitasyon Fanmi an oblije chanje konpòtman. Sinon, fok li
jwenn sanksyon ou ekspilsyon.
-
Yon ekspilsyon ka dire pou yon bout tan ou pou tout tan, selon
gravite ka-a.
10.
Sanksyon yo varye selon gravite ka a:
-
Yon lèt
eskiz pou Fanmi an.
- Peye
yon amann
- Pèdi
dwa patisipe nan rankont enpòtan
-
Pèdi
posibilite al nan eleksyon kòm manm Fanmi an
-
Moun ki
pa vle pote kole nan operasyon plante Ti Fanmi, kanpe kowòdinasyon,
patisipe nan alfa ekonomk pa merite jwenn viza Fanm an pou al nan
eleksyon.
-
Pèsonn pa
gen dwa fè tèt li pase kòm kandida Fanmi an san yon otorizasyon
ofisyèl.
-
Twa mwa
anvan demaray kanpay elektoral, fòk nou mezire fòs moralite ak fòs
popilarite chak kandida ki ta vle vin kandida ofisyèl Fanmi an
-
Apre yon
eleksyon primè, kandida ki pa jwenn viza ofisyèl Fanm an pa gen
dwa deside al nan eleksyon kòm endepandan.
-
Chak
kandida ofisyèl Fanmi an dwe pote yon kotizasyon pèsonèl nan
kanpay elektoral la.
-
Fòk gen
sanksyon sevè kont tout manm Fanmi an ki ta kite foli pouvwa fè l
tonbe pèsekite Fanm an.
-
Kotizasyon pou kanpay Alfa a obligatwa pou tout manm Fanmi an ki
pa nan chomaj.
-
Chak ti
Fanmi dwe veye pou tout manm Ti Fanmi an konn li, ekri e patisipe
nan alfo ekonomik.
-
Ti Fanmi
yo ou Kowòdinasyon yo dwe reyini o mwen yon fwa chak mwa.
-
Chak manm
Fanmi an oblije gen Konstitisyon an e travay pou Konstitisyon an
mache toupatou.
Règleman sa yo se
bon angrè pou nouri ni rasin Fanm an, ni rasin Fanmi ayisyen an
paske:
Yon lavalasyen se
yon Patriyòt.
Yon bon lavalasyen
se yon bon Patriyòt.
Lavalas se Linyon
fè la Fòs.
16 Desanm 2003/ dezièm
Kongrè Fanmi Lavalas
|