|
Kongrè sou Restitisyon Òganizasyon Fanmi Lavalas
14-15-16 desanm 2003
DEKLARASYON
Pou Ayiti,
Nan non Zansèt yo,
Se pou n mache men nan lamen !
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt.
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou !
Lè nou chante premye kouplè Lim nasyonal sa a chak maten, nou menm
Lavalas, fanm kon gason, se selebre nou selebre laglwa ak jeni Papa
Lapatri yo, tankou sa fèt nan yon seremoni sakre. Epi gen anpil imaj
ki vin fè ribanbèl nan memwa nou : imaj bonjan lit ki pote fwi ak
imaj doulè nou pa kab pale.
Fyète ak kouraj mele ansanm pou fè yon chan lespwa boujonnen, yon
chan anyen sou latè pa kapab fè nou sispann chante ni bliye.
Se sèlman nan batay rèd mare nou kab rive jwenn libète menm jan ak
devlopman tou. Nan lane 1803, grasa linite tèt ansanm, Zansèt nou yo
te reyisi pran libète yo epi deklare Endepandans yo devan lemonn
antye. Menm jan an tou, jounen jodi a, grasa linite tèt ansanm pèp
la ak detèminasyon bonjan pitit Fi kon Gason li yo, nou va reyisi
bay ekonomi peyi a jarèt epi travay pou moun vin pi moun paske nou
kwè tout moun se moun.
Lè nou te fonde Òganizasyon nou an nan lane 1996 la, nou te pran
angajman pou n konbat soudevlopman makawon an, mòd sosyete k ap mete
moun sou kote a, afè pa konn li ak ekri a, koze chita pap fè anyen
an, afè dwèt long nan administrasyon piblik kon prive ak tout lamizè
malouk ki fin blayi nan peyi a….
Angajman sila a, nou te tounen pran l an desanm 1999, nan premye
Kongrè nou an jan nou kab konstate l nan Gran Prensip Òganizasyon an
yo ak Liv Blan an ki rele Mize sou Moun.
Atik 5 Gran Prensip yo, Batistè ak Règleman Òganizasyon Fanmi
Lavalas la yo, fikse objektif Òganizasyon an k ap travay pou :
a) pèmèt tout Ayisyen fè pwogrè nan keksyon politik, ekonomik,
sosyal ak kiltirèl, nan mete kanpe yon Leta ki chita sou lalwa;
b) fè tout Ayisyen rive gen menm chans;
c) fè yo devlope nan diyite ak respè dwa yo;
d) tabli yon seri politik k ap bon pou tout sosyete a ;
e) ede manm nou yo pase nan eleksyon pou kèlkeswa pòs la;
f) Kore pwogram manm Oganizasyon an bati, fè yo konnen l tout kote
epi veye pou yo mete l an aplikasyon.
Nan dezyèm Kongrè Òganizasyon nou an, paske nou kwè pi fèm toujou
lide n yo se lide ki jis, se avèk fyète ak diyite n ap fè tout moun
sonje kote nou kwè rasin Ayiti tounèf la plonje :
Yon lavalasyen se yon patriyòt.
Yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.
Lavalas se linyon fè lafòs.
Se sa k fè nou ekri konviksyon sila a avèk lèt dore depi nan premye
paj Gran Prensip nou yo !
Lanmou nou genyen pou peyi n montre nou yon chimen gason kanson ak
fanm vanyan, yon chimen ki mennen bonjan kote, yon chimen devlopman
ak jistis. Chimen sila a pa gen lòt kote pou li pase si se pa nan kè
tout sitwayen ki fyè de listwa Peyi yo ak tout gwo batay Zansèt yo
te mennen. Chimen sa a pa danse kole avèk globalizasyon esteril ki
pap pote okenn fwi a, men li debouche sou globalizasyon tèt ansanm
lan.
Nan sans sa a, Fanmi Lavalas envite tout sitwayen yo alawonnbadè,
kit yo pòv kit yo rich, fanm kon gason, peyizan tankou moun lavil,
ouvriye tankou entèlektyèl, dirijan tankou dirije, moun k ap travay
tankou sila yo ki nan chomaj, pou yo mete men nan konstriksyon Ayiti
modèn nou tout nou vle a.
Ayiti sa a dwe vin yon bèl peyi k ap devlope, yon peyi kote yo
respekte dwa fondalnatal chak sitwayen genyen ; Ayiti sila a dwe vin
yon peyi k ap klere avèk lekòl epi ak sant sante nan 565 seksyon
kominal yo ; yon peyi ki gen vilaj pezib toupatou ak vil kote
linivèsite ak lopital ap layite kò yo ; yon peyi kote k gen wout ak
pon ; plas piblik ak gran
sant espòtif ; anpil otèl ak vilaj ekotouristik (makònen ansanm
lanati ak lavi moun) ; yon peyi kote latè ap bay bonjan rannman epi
kote atis yo ap devlope ; kote k gen tè wouze ak pye bwa ki plante…Ayiti
sa a ki va pran chimen devlopman k ap dire a, Ayiti venteyinyèm syèk
sila a, Fanmi Lavalas angaje l, pou l fè l klere anba solèy bèl
Karayib nou an.
Epoutan, se anba menm solèy dife sila a epi nan bèl lanmè Karayib sa
a, plizyè san mil kadav Zansèt nou yo te jete bay chen ak mons lanmè,
pou manje yo. Zak sa yo te pase nan tan kote kolon blan te trete yo
tankou mwenkeryen (mwens pase moun), eksplwate yo san pran souf.
Kolon blan te trete yo tankou bèt ki te blije sibi tout kalte kapris
san parèy kolon yo te genyen. An plis de sa, Zansèt nou yo te viktim
anba yon pakèt maspinay krazezo atwòs ak yon seri egzekisyon ki te
orib. San, manman ak papa nou yo te koule sou latè peyi d Ayiti pou
lòt peyi te kapab bati gwo sitadèl ki montre pouvwa lajan, lasyans
ak teknoloji. Peyi kote nèg lib, pòv ak analfabèt pat ka pèmèt yo
mete pye !
E yo pat kontante yo ak sa : CHARLES X, wa peyi Lafrans, mete
Òdonans lane 1825 lan deyò pou Ayiti nou an ki te fenk ap pèse grasa
gwo batay Zansèt nou yo te mennen. Ala yon kalamite ! (Tèt chaje !)
Ala yon koudeta ekonomik ! Se vre, Ayiti se yon peyi ki vin granmoun
lakay li, men yon peyi kolon blan fin souse san li ! Egzijans peyi
Lafrans fè pou Ayiti peye san senkant (150) milyon fran lò a etan l
menase bonbade nou ak kout kanon soti nan nò pou rive nan sid, soti
nan lès pou rive nan lwès. Egzijans sila a te blije nou vanse plis
sou chimen lanmò pase sou chimen lavi. Ayiti te blije chwazi ant 2
kalte lanmò : lanmò anba kout kanon osinon lanmò ekonomik. Apre lagè
byen long pou lendepandans lan ki te fin dechèpiye peyi a, Ayiti pat
yon peyi kote moun t ap mache sou lò ni li pat pèl dèzantiy la ankò.
Konsa, se wayalman yo te planifye lanmò nou kòm pèp. Gen moun ki
konsidere dèt pou lendepandans sila a tankou yon fou krematwa (kote
yo fè moun mouri tounen sann), gen dòt ki konsidere l tankou yon
swisid ekonomik (yo voye pèp la al touye tèt li ak yon dèt parèy).
Lè yo konsidere Òdonans lane 1825 lan, plizyè moun fè wè kijan
sitiyasyon jenn Repiblik nou an sanble tankou de gout dlo avèk
sitiyasyon yon kan konsantrasyon (kote Itlè te fè kondane yon pakèt
jwif pou yo mouri). Paske papa ak manman nou yo te blije travay,
depi lè sa a, anba menas kolon yo ki t ap retounen vin mete kòd nan
kou ak chenn nan pye yo ankò. Apre Desalin te fin mete yo deyò,
kolon blan yo te vle retounen ak sistèm lesklavaj la ankò ansanm ak
tout krim ki mache ak sistèm sa a. Antouka, se sa yo te swete fè.
Jounen jodi a, nou menm, pitit fi ak pitit gason Tousen Louvèti, nou
menm Lavalasyèn ak Lavalasyen, nou retounen manifeste volonte n pou
fè chita koze ki dwe mennen nan restitisyon an ak nan lapè a vanse.
Lesklavaj se yon krim kont limanite.
Lit pasifik pou restitisyon an ap kontinye vanse nan chita koze
reflechi ansanm, nan respè yonn pou lòt e pa nan chire pit. Si
jounen jodi a lit pasifik sila a se lit Leta ayisyen, lit Fanmi
Lavalas ak yon ti gwoup patriyòt anonim, pi devan li gen pou l
tounen lit pati politik opozisyon an yo tou. Se yon bonjan batay n
ap mennen. Sila yo ki pa danse kole jounen jodi a ak estrateji nou
an, yo gen pou yo ranplase n nan menm batay la pi devan. Se yon
bagay ki sèten. Dayè, li lè li tan pou restitisyon an tounen yon
reyalite sanzatann onivo nasyonal. Se sa nou rele yon vrè kontra
sosyal ant nou menm Ayisyen yo. Pèp la ki swe kont san li deja, li
merite jwenn atò yon alemye ki kapab pote egalite ak fratènite nan
sosyete a.
Òganizasyon nou an deside monte sou tèt mòn jeyopolitik la (fouye zo
nan kalalou politik Leta yo ap mennen sou latè beni) pou l kab
obsève pi byen plenn ak vale yo. Se yon chwa estratejik. (La a ta
merite yon ti eksplikasyon)
Nou menm, Pitit Fi ak Pitit Gason Pèp la, nou pa janm bliye objektif
Fanmi Lavalas yo (kote l vle rive). Nou pat janm bliye yo pandan
tout tan ekonomi peyi a pase san l pa fè yon pa kita yon pa nago a
akoz anbago san non ki pandye sou tèt li a. Peyi pisan yo ansanm ak
òganizasyon yo mete pou jere lajan yo, sèvi avèk anbago sila a pou
yo planifye lanmò nou, yon lòt fwa ankò. Men, sè ak frè nou yo ki
viktim e yo fin fè tounen pòv la, yo pat tonbe nan pyèj pwovokasyon
peyi pisan sa yo.
Malgre tout difikilte, malgre tout konplo ki fèt, tout koudeta manke,
militan, polisye, fonksyonè ak lòt moun yo asasinen, yo kenbe san
fwa ak diyite yo fèm. Jounen jodi a, alòske estasyon radyo ap
klewonnen tribò babò pou fè konnen Ayiti an boulvès, viktim yo fin
fè tounen pòv yo, yo kè pòpòz nan mòn ap travay nan jaden yo ; yo
nan mache ap vann rekòt yo ; yo nan lari ap ofri zèv atizana yo, y
ap vann fritay, bonbon siwo ak kann kale ; yo nan katye, nan seksyon
kominal yo, nan komin yo y ap simen lajwadeviv malgre chomaj la ak
tout chay pwoblèm li trennen dèyè l ; yo nan sant alfabetizasyon,
nan lekòl pwofesyonèl, nan lise, kolèj, inivèsite, y ap devlope
entèlijans yo yon fason pou yo kab patisipe pi byen nan konstriksyon
Ayiti ki gen pou l boujonnen nan twazyèm milenè sila a. Yo konnen
trè byen ki sa k pay la, ki sa k bout bwa a !
Wi, Fanmi Lavalas prezan tout kote Ayisyen patriyòt deside pote kole
nan devlopman demokratik sa a ki se yon devlopman totalkapital e ki
gen pou l dire. Batay kont povrete a ap kontinye. San konsiderasyon
klas sosyal, nou yonn ap bay lòt lanmen pou bati linite tètansanm
lan nan ladivèsite e pou konbat jou apre jou povrete sa a k ap
defigire moun nan.
Se Òganizasyon nou an ki pi djanm nan peyi a jan mobilizasyon nou yo
montre sa tout tan e tout kote. Rasanbleman kominal ak depatmantal
yo fè wè aklè fòs moun nou genyen nan komin yo ki chita anndan 10
depatman peyi a. Konsa tou, rankont sila yo pèmèt Lavalasyèn ak
Lavalasyen yo deklare ak tout fòs, volonte yo genyen pou yo lite pou
Ayiti tounen yon peyi kote yo pa bay pyès moun bwalong kenbe onivo
ekonomik ak sosyal. Yon peyi kote tout moun kapab viv tankou sè ak
frè malgre diferans ideyolojik, politik ak sosyal ki genyen nan
mitan nou. Yon peyi kote Gouvènman ak yon Opozisyon entèlijan kapab
viv ansanm demokratikman. Sa vle di fòk gen bonjan gouvènans, plizyè
pati politik, fòk gouvènman chanje demokratikman nan eleksyon lib,
onèt ki dwe dewoule nan yon klima sekirite pou tout moun. Yon lòt bò,
Konpatriyòt sila yo manifeste swaf yo genyen pou wè konstriksyon
wout depatmantal, wout kominal, lekòl, lise, dispansè, eks…nan tout
peyi a. An brèf, , yo ta renmen wè Pwogràm Ekonomik ak Sosyal
2001-2006 Fanmi Lavalas la tounen yon reyalite preseprese.
Rasanbleman sa yo ki òganize nan tout peyi a avèk militan baz yo epi
ak manm sosyete sivil la, yo klere lespri nou ki fè nou deside yon
lòt fwa ankò:
a) bay lafwa nou nan prensip moral la yo jarèt ;
b) pote bonjan sewòm nan volonte n genyen pou bay baz la pi bon
ankadreman, yon fason pou l kab ranpòte laviktwa avèk entèlijans sou
konjonkti difisil n ap viv la ;
Atik 17. Kotizasyon pou kanpay Alfa a obligatwa pou tout manm Fanmi
an ki pa nan chomaj.
Atik 18. Chak ti Fanmi dwe veye pou tout manm Ti Fanmi an konn li,
ekri e patisipe nan alfa ekonomik lan.
c) entegre militan yo nan tout domèn lavi nasyonal la ;
d) devlope bonjan santiman ki pou fè yo santi Òganizasyon an se pa
yo epi ba yo jarèt pou yo pa pè afime tèt yo ;
Lè yonn nan nou gen lafyèv, kò Fanmi an cho.
e) fè tout branch rezo kominikasyon Òganizasyon an vin pi djanm
Atik 19. Ti Fanmi yo osinon Kowòdinasyon yo dwe reyini o mwen yon
fwa chak mwa.
Atik 20. Chak manm Fanmi an oblije gen Gran Prensip Òganizasyon an
yo e travay pou mete Gran Prensip yo an aplikasyon toupatou.
f) travay pou fè manm nou yo chèche kiltive lapè anndan Òganizasyon
an ak nan tout rès peyi a.
Nan lane 1999, Reprezantan Fanmi Lavalas la ekri nan prefas Liv Blan
an :
« Nan kòmansman twazyèm milenè a, yonn nan defi nou gen pou n leve
se reyalize nan peyi a yon nivo kwasans materyèl ki makònen ak
devlopman moun. Nou pap mache sou chimen devlopman moun si kwasans
ekonomik lan pa fè povrete a diminye, si l pa kreye travay, si li pa
fè tout moun jwenn plas yo anndan sosyete a, si l pa fè inegalite
sosyal yo disparèt. »
« Devlopman moun nan dwe bay moun pi plis mwayen pou li viv pi
lontan yon bonjan lavi, pou pèmèt li jwenn levasyon ak tout resous
ki nesesè pou l viv… Moun nan dwe jwi tout libète politik, ekonomik
ak sosyal li nan diyite epi nan respè dwa tout sitwayen yo. »
Noumenm, manm Òganizasyon Fanmi Lavalas, nou pran angajman, tankou
patriyòt tout bon, pou n selebre Bisantnè Endepandans Ayiti cheri
nou an. Fèt sila a ki se fèt diyite moun, li va soude tout manm
sosyete nou an etan l ap ba li jarèt. Endepandans Ayiti a se richès
chak grenn Ayisyèn, chak grenn Ayisyen ak richès tout moun lib k ap
viv sou latè e an patikilye Endepandans sila a se richès tout pèp
frè nou k ap batay toulejou pou libète yo ak dwa granmoun lakay yo (souverènte
yo).
Se yon bagay ki sèten, Bisantnè nou an gide listwa limanite sou
plizyè chimen libète. Ayisyèn, Ayisyen, lavni nou kòm Pèp e kòm
sitwayen limanite depann de Bisantnè sila a. Reyisit Bisantnè a sou
kont nou anba lonbraj drapo nou an. Se poutèt sa nou kontan envite n
pwoklame ansanm (sèman sa a) :
Anba lonbraj drapo mwen an,
Mwen angaje m :
Pou respekte Gran prensip yo, Batistè, Règleman
Epi Kòd Etik (bònvi e mès) Òganizasyon Fanmi Lavalas la ;
Pou mwen lwayal e fidèl ak Peyi mwen epi Òganizasyon mwen an ;
Anba lonbraj drapo mwen an,
Mwen angaje m :
Pou fè Lapè blayi : Lapè nan tèt, Lapè nan vant.
Epi etan lespri Lapè sila a ap gide m,
Mwen angaje m pou m travay nan diyite
Pou yon Ayiti ki sosyalman jis,
Ekonomikman lib
E politikman endepandan.
Version Française ... ICI.
|