cadre   - Mercredi 8 septembre 2010 - 14:16 - Créer un compte - S’identifier
ban2 logo ban3

  Accueil  |   Download  |   Articles  |   Livre d'or  |   Liens  
boule
bloc_h_g REZISTANS  bloc_h_d

REZISTANS PI RÈD POU RETOU.


Non au Génocide!
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g
H o m e
 
bloc_h_d


Février 2005

We Will Not Forget
We Will Not Forget
haitiaction.net


bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g Fanmi Lavalas  bloc_h_d
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g
Tribune
 
bloc_h_d
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g
Rédaction
 
bloc_h_d
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g Newsletter :  bloc_h_d


Inscription: Desinscription:
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g Citations :  bloc_h_d
Demander ne coûte qu'un instant d'embarras;ne pas demander, c'est être embarrassé toute sa vie
proverbe japonais

Citations...
bloc_b_g bloc_b_d

bloc_h_g Yon Lavalas Bòn fèt pou tout fanm bloc_h_d
  image     
FANMI LAVALAS


 

Organisation Politique Fanmi Lavalas

Yon sèl randevou:
randevou bò tab la

 

FANMI LAVALAS

  
Bwat Postal : 15603
Petyon-Vil, Ayiti
Email: fanmilavalas@yahoo.com
Telefòn: 38 46 75 11/ 39 10 62 74 FANMI
LAVALAS

8 mas 2010

8 mas 2010
Yon Lavalas Bòn fèt pou tout fanm nan Peyi Dayiti.
Jodi-a se yon fanm, se yon manman pitit kap pale ak nou.
Doulè yon fanm se doulè tout fanm.
Tribilasyon Ayiti se pou nou tout fanm Dayiti. Se nou ki sipòte se nou ki pote l, se nou ki ka kapote l.
Men nan men, tèt ansanm nan solidarite yon ak lot, ,ansanm, ansanm men se nou menm ki ka kapote l.
8 Mas 2010 se okasyon yon lòt fwa anko pou n bat bravo pou lit fanm yo ap mennen toupatou nan lemonn pou plis jistis, plis egalite nan rapò moun ak moun, sitou rapò gason ak fi, pou lapè ak developman.,
Se okasyon tou pou nou rann omaj a peyi nou : Ayiti se yon fanm, Ayiti se manman libète.
Se okasyon pou n voye ochan pou tout fanm nan peyi Dayiti. Bravo pou kouraj nou ! Anpil respè pou nou fanm peyi Dayiti ki montre sa nou ye 12 janvye ki sòt pase a.: Nou viktim, anpil fanm mouri, anpil nan nou blese, anpil nan nou pèdi yon pitit, yon fanmi, yon zanmi, men nou kite lanmou, kompasyon, solidarite, andedan nou an eklate pou nou pote sekou ak vwazen, fanm parey nou, timoun : Nou te prezan poun eseye sove lavi ki te ka sove yo, Nou te la pou n rebay yon sanblan lavi andedan kanpeman yo. Nou fanm, manmam pitit, machann manje se nou ki te kanpe pou n oganize kesyon manje, dlo. Nou te la pou n pran swen timoun ki pèdi manman ak papa yo, ( Mwen te ale nan yon kampeman Gresye nan klinik mobil, yon timoun 6 lane te vinn pale ak mwen : li dim manman l mouri e li montre nouvo manman l. Nan je timoun nan, te gen yen anpil limyè, anpil jwa) .
Nou fanm ayisyèn nou toujou manifeste prensip feminen an : lanmou, konpasyon, solidarite, kapasite lidèship nou ak rezistans : Se sèl vwa ki ka mennnen peyi an sou bon chemen, chemen delivrans, chemen libète, chemin jistis, ak chemen pwogrè..
2) Chak ane, jounen Fanm fete toupatou nan lemonn, Nasyon Zini toujou chwazi yon slogan , ane sa a se :
Menm Dwa, Menm Chans : Pwogrè pou tout moun.
Lè nou di menm dwa, menm chans, sa vle di respè tout dwa deklarasyon dwa moun nan ban ou : dwa pou nou travay, dwa pou nou resevwa bon jan ledikasyon, dwa pou nou jwenn sèvis lasante epitou dwa pou nou vote, dwa pou nou patisipe nan jesyon peyi menm jan ak tout lòt manm sosyete a . Sa vle di pa ka gen yen esklizyon.
Pandan nap vin andedan kanpman yo nan kondisyon difisil sa yo, kondisyon kote moun pa ta dwe viv, pandan kou lavi ap vinn pi chè anko depi 12 janvye, pandan nou pèdi travay nou oswa ti komès nou tap fè, pandan pitit nou poko ka ale lekol, pandan risk lot tranbleman de tè pandye sou tèt nou, pandan lapli a vinn fè tèt nou pi cho ak ti moun kap malad nan men nou, pandan Leta poko di anyen aklè ak nou, komplo pou kenbe esklisyon ap fè nich..

Nou tout tande reprezantan Nasyon Zini sou kesyon eleksyon, Nou tout tande prezidan KEP ki pale sou kesyon kontinye pwosesis elektoral ki te tanmen anvan 12 janvye an. Sa nou wè kap fèt jodi-a se kore stati quo. Yo vle kenbe peyi nan yon chemen esklisyon ki pwal mennen nou, pèp ayisyen, fanm, manman pitit nan katastrof pi rèd pase 12 janvye an. Okenn katastrof pa sanble vle fè yo chanje direksyon.

Esklizyon pa ka fè peyi nou an vanse ni ekonomikman, ni sosyalman, ni politikman. Esklizyon pa ka ede nou devlope lòt rapò moun ak moun, ni chanje sitirasyon fanm pou yo ka jere tout dimansyon lavi yo.
Esklizyon sa a, yo vle kenbe a, ap mete lavni tout peyi a, tout yon nasyon an danje.

Fanm, Manman pitit, louvri je nou !
Paske nou gen yen reskonsabilite pou nou manifeste lavi, paske nou vle pote lavi, pa kite domi bare nou. Nou dwe leve pou n fè yon rèl kolektif pou nou pran yon lot direksyon pou :
Yon lòt Ayiti kote popilasyon ap ka viv nan diyite, nan respè dwa tout moun, nan respè kwayans tout moun, san paspouki, san esklizyon.
Yon Ayiti bèl kou fanm dayiti yo bèl.
Yon Ayiti djanm kou fanm Dayiti yo djanm.
Yon Ayiti gwan moun tèt li kou fanm DAyiti yo gwan moun tet yo .
Tranche a rèd : Ayiti nou reve a nan pasay: Pouse, Pouse Fanm Dayiti.
Ayti, se Manman Libete, Li paka tonbe : Ak nou menm fanm , fanm libète, la leve


 

 
bloc_b_g Ajouté le Jeudi 11 mars 2010 à 22:48 par admin - (suite... | Aucun commentaire) bloc_b_d

>> Vos commentaires [0]

Pas de commentaires

bloc_h_g Poster un commentaire bloc_h_d

Seuls les membres peuvent poster des commentaires.

bloc_b_g bloc_b_d
Thème Hurilam1.1
 
Ce Site est géré par l´Organisation Politique Fanmi Lavalas!
Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se LAVALAS
Thème Hurilam1.1
Valid XHTML 1.0!   Valid CSS!
Page générée en 0.093 secondes avec 14 requetes
généré par KwsPHP